Nan peyi Siri, elektè yo gen pou yo vote nan eleksyon minisipal k ap dewoule nan peyi a, premye tès refòm gouvènman Prezidan Bashar al-Assad te pwomèt devan mouvman pwotestasyon k ap fèt kont gouvènman an.
Eleksyon sa yo ap kouvri plis ke 17 mil syèj nan Konsèy lokal nan tout 14 pwovens ki gen nan peyi a. Gouvènman an di gen anpil moun ki al vote lendi 12 desanm 2011 la. Eleksyon sa a rive yon jou apré vyolans te lakoz 18 moun pèdi lavi yo nan tout nasyon an.
Nan lese-frape dimanch 11 desanm 2011 la, te gen yon gwo konfwontasyon ame nan sid Siri kote manb lame a ki chanje kan t ap batay avèk fòs ki rete lwayal a gouvènman al-Assad la, ki te gen tank ki apiye yo tou prè fwontyè Siri ak Jòdani.