Accessibility links

Breaking News

Eksplozyon Bonm Marasa nan Peyi Lend Fè 9 mò ak Plis Pase 60 Blese


2 Eksplozyon Bonm ki fèt nan peyi Lend koze lanmò 9 moun e blese plis pase 60 lòt
2 Eksplozyon Bonm ki fèt nan peyi Lend koze lanmò 9 moun e blese plis pase 60 lòt

Nan peyi Lend, otorite yo di yo sispèk sa ki sanble ak yon eksplozyon bonm ki fèt andeyò yon tribinal siperyè, se yon atak teworis planifye, aprè zak la touye 9 moun pou pi piti e li blese 62 lòt.

Sa rive byen bonè nan matine mèkredi 7 septanm 2011 la, nan moman moun te rasanble tou prè tribinal la kote yo t ap tann lè rive pou yo antre anndan an.

Rahul Gupta, yon temwen, di:

"Mwen tande yon gwo kokenn bri. Lè m te prann konsyans sa k t ap pase, mwen te vire gade epi mwen wè ant 50 a 60 moun ki te tonbe atè a."

Premye minis endyen an, Mahmohan Singh --ki t ap reyaji sou ensidan an pandan li te nan vil Dhaka, nan peyi Bangladèsh- pale pou l di peyi li pa pral bese ba devan teworis yo.

Premye minis endyen an fè konnen :

“Mwen gen kè sansib pou fanmi viktim yo ak fanmi sila ki blese yo. Mwen voye senpati sense mwen ba yo. Se yon zak teworis lach. Nou pral fè fas ak sa; nou pap janm bese ba devan presyon teworis yo. Se yon lagè manch long; e tout pati politik, tout pèp endyen an dwe rete ini pou nou livre lagè sa a, yon fason pou nou elimine madichon ki rele teworism nan."

Minis endyen pou Sekirite Teritoryal la (Minis Enteryè a), O. Chidambaram, pa t pèdi tan pou l prezante sou sèn kote eksplozyon an fèt la e li fè laprès konnen otorite yo ouvè yon ankèt sou ensidan an.

XS
SM
MD
LG