Reprezantan ekriven Salman Rushdie di misye "sou wout pou'l refè" 2 jou apre li te sibi blesi grav apre yon nèg te pwayade li nan moman kote li tap pare pou'l bay yon diskou nan Nouyok.
Anons la vini apre nouvèl ki te di kom kwa ekriven renome a pap respire ak asistans yon vantilatè anko e ke li kapab pale epi bay blag.
Andrew Wylie kontinye pou'l di malgre kondisyon Rushdie ap amelyore, rekiperasyon li taka pran anpil tan.
Ekirvan an, ki gen 75 an te blese nan fwa li, plizyè nèr nan bra li ak je li andomaje tou. Wylie te di anvan sa ke misye taka pèdi je ki blese a.
Nèg yo arete an koneksyon ak atak la, Hadi Matar, ki gen 24 an, plede non koupab devan tribinal Samdi.