Nèg yo akize nan atak ak kouto kont ekirven Salman Rushdie, ki gen renome pou liv li a, "Vèsè Satanik" plede non koupab devan yon tribinal nan Nouyok. Yo akize'l de tantativ asasine ak aso.
Avoka Hadi Matar, 24 an, plede non-koupab pou li pandan yon odisyon devan tribinal la Samdi.
Jenom lan te parèt nan tribinal la ak yon inifom prizon nwa ak blan sou li epi li te gen yon kach nen blan.
La jistis akize Matar dèske li te atake Rushdie Vandrei, nan moman ekriven an tap pare pou'l monte sou sèn nan pou'l pwononse yon diskou nan Enstiti Chautauqua a.
Rushdie te blese grav nan atak la e li rete kouche lopital.