Accessibility links

Breaking News

Egzijans Administrasyon Biden nan Pou Tout Anplwaye Federal Vaksinen Kont COVID-19 Ap Fè Fas ak Premye Defi l


Foto Achiv: 15e Gwoup Medikal Hickam oganize premye kanpay vaksinasyon kont COVID-19 nan baz milite konjwen Pearl Harbor-Hickam nan, 9 Fevriye, 2021.
Foto Achiv: 15e Gwoup Medikal Hickam oganize premye kanpay vaksinasyon kont COVID-19 nan baz milite konjwen Pearl Harbor-Hickam nan, 9 Fevriye, 2021.

Apepre 4 milyon anplwaye gouvènman federal la, soti depi ajan FBI pou rive nan Biwo jandam prizon yo, Administrayon Manje ak Medikaman an elatriye pral oblije vaksinen kont maladi kowonaviris la anvan 22 Novanm, dapre yon dekrè prezidansyèl Prezidan Joe Biden siyen e ki vize anpeche pandemi a pwopaje pi plis Ozetazuni.

Gen kèk anplwaye gouvènman an, tankou sa yo ki travay nan Lamezonblan ki deja finn vaksinen konplètman. Sepandan, nan lòt ajans gouvènman an, sitou sa yo kap travay sou ranfòsman lwa peyi a ak ransèyman, to vaksinasyon an pi ba.

Gen kèk nan travayè sa yo ki sèmante yo pap pran vaksen an. Kèk pami yo deside asiyen gouvènmanan e yap pwoteste kont sa yo konsidere tankou yon egzijans bò kote Lamezonblanch ki pa jis e ki ale twò lwen.

Dat limit la 22 Novanm nan kap pwoche vit e prese, se pral premye tès Prezidan Joe Biden nan jefo lap fè pou pouse Ameriken pou yo pran piku a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG