Accessibility links

Breaking News

Soulajman Restriksyon Vwayaj COVID yo Pèmèt Moun Ki Damou yo Rankontre


Erin Tridle ap koze ak menaj li, Jordan Commarrieu ki abite nan vil Paris, pa videyo chat pandan li nan restoran prefere yo a, "Petit Trois" nan vil Los Angeles, eta Kalifoni, Vandredi 5 Nov. 2021.
Erin Tridle ap koze ak menaj li, Jordan Commarrieu ki abite nan vil Paris, pa videyo chat pandan li nan restoran prefere yo a, "Petit Trois" nan vil Los Angeles, eta Kalifoni, Vandredi 5 Nov. 2021.

Restriksyon vwayaj ki separe koup ak fanmi ki abite nan peyi diferan pral fini.

Pou Erin Trindle ak menaj li - yo tonbe d'amou premye fwa yo rankontre. Yo te fè konesans youn ak lot pandan Amerikèn nan tap wayaje an France nan sezon ete ane 2019 la. Dezyèm jou a yo te di "mwen renmen'w". "Moun di nou se tankou sa yo konn wè nan sinema," Erin di Associated Press.

Lè li te tounen lakay li nan Los Angeles, yo te komanse yon relasyon long distans kote yo te pase tan ansanm lè yo te kapab. Epi pandemi a frape, e yo te separe endefiniman pandan peyi touaptou nan mond lan te fèmen frontye yo epi entèdi sitwayen yo travay.

"Ensètitid la, lè'w pa konnen kilè ou pral wè moun ou renmen an anko, se youn nan bagay pi difisil mwen janm viv," Tridle deklare.

Se pa Erin ak menaj li sèlman - anpil moun rate fèt, anivèsè, lantèman ak lot selebrasyon enpotan akoz tout vwayaj ayeryen ki pat esansyèl te entèdi. Peyi ki te sou lis entèdiksyon an te byen long - pami yo pi fo l'Euwop, Brezil, ak Afrik di Sid.

Nouvo règ yo ap antre ann aplikasyon Lendi 8 Novanm. Se konsa moun nan peyi ki te anba restriksyon yo ap kapab pran avyon pou yo vinn Ozetazuni, si yo ka pwouve yo vaksinen kont COVID-19 epi yo teste negatif pou kowonaviris la.

Vwayaj pa tè egzije prèf vaksinasyon men pa yon tès.

Fèmti frontye terès yo ke Etazini pataje ak Meksik epi Kanada te devaste vil frontalyè yo ki depann ekonomikman sou ale vini moun ki rete tou pre frontyè 2 peyi yo chak jou.

XS
SM
MD
LG