Accessibility links

Breaking News

Anplwaye Ajans Ransèyman Etazuni ki Refize Pran Vaksen COVID-19 la Bay Republiken yo Kè Sote


Foto Achiv: Direktris Ranseyman Nasyonal Ameriken an Avril Haines.
Foto Achiv: Direktris Ranseyman Nasyonal Ameriken an Avril Haines.

Plizyè milye ajan ransèyman Ameriken taka revoke anvan lontan paske yo derefize respekte règ gouvènman an ki di fòk yo vaksinen kont maladi COVID-19 la.

Sa lakoz kèk palmantè Repibliken gen kè sote pou ajans ke yo konsidere kom esansyèl pou sekirite nasyonal la pa sibi move konsekans.

Tandiske pousantaj ajan ransèyman Ameriken ki pran vaksen an pi wo pase sa li ye pou pèp Ameriken an - pa egzanp gen 97% anplwaye CIA ki vaksinen kont COVID-19 - pousantaj la pi ba pami anplwaye 18 lot ajans nan kominote ransèyman an - ki gen ladann apepre 100,000 moun.

Depite Chris Stewart, ki reprezante eta Utah nan Kongrè a, e ki di li pran vaksen an - opoze egzijans administrasyon Biden fè a.

Direktris Entelijans Nasyonal la, Avril Haines, deklare li pa atann ni aske règ sa a afekte misyon ajans sekirite nasyonal Etazuni yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG