Pfizer fè konnen konprime eksperimantal li kont COVID-19 redui to ospitalizasyon ak lanmò de prèske 90% pami pasyan ki gen enfeksyon leje a modere yo.
Konpayi a anonse Vandredi li pral mande Administrasyon ki Kontwole Manje ak Medikaman kap vann Ozetazuni yo, FDA, pou'l bay otorizasyon pou sèvi ak konprime sa a pou trete malad yo. Fòk moun ki enfekte a pran konprime sa a 2 fwa pa jou pandan 5 jou.
Yon konprime ki parèy ke konpetitè li Merck pwodui deja devan komite FDA a k ap egzaminen l apre Angletè te apwouve'l Jedi 4 Novanm.
Konpayi famasetik toupatou nan mond lan ap kouri pou yo devlope yon konprime ki fasil pou administre pou konte move konsekans COVID-19 yo. Terapi ki egziste kounyea Ozetazuni mande swa pou moun pran piku oubyen resevwa l k òm sewòm.
Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press