Diskou elektoral k ap fèt Ozetazini e k ap kritike akò sou komèsyal entènasyonal yo, oubyen kap di kòmkwa Lèzetazini ka wete fòs militè li yo ann Azi, pa gen twòp enpòtans pou anpil obsèvatè nan rejyon an.
Analis yo fè konnen enterè Lèzetazini nan lòt peyi pa chanje epi pwoblèm kap tann pwochen prezidan ameriken an se pwoblèm ki konplike anpil.
Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, ak kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton, yo tou le 2 kritike politik komès lib yo, espesyalman akò ki rele Patenarya Trans-Pasifik la -an abreje anglè TPP.
Rezistans kont akò sa yo reflete kolè elektè ameriken yo k ap pèdi travay yo akoz akò konsa.