Accessibility links

Breaking News

Depite Ewopeyen yo Mande Sanksyon Kont Egzekitif Hong Kong lan


Hong Kong's Chief Executive Carrie Lam holds a press conference as her government announces strict new anti-coronavirus controls in Hong Kong, Jan. 5, 2022.
Hong Kong's Chief Executive Carrie Lam holds a press conference as her government announces strict new anti-coronavirus controls in Hong Kong, Jan. 5, 2022.

Palman an Ewopeyen an nan mande eta manm li yo pou pran sanksyon kont Chèf Egzekitif Hong Kong Carrie Lam ak sèt lòt politisyen, ki gen ladan plizyè manm nan Pati Kominis Chinwa a, pou responsablite yo pou deblozay ki fet nan teritwa Hong Kong a.

Reprezantan eli Ewopeyen yo te fè demann sila nan yon rezolisyon ki te apwouve pa 585 vòt kont 46 (ak 41 abstansyon).

Palman an te mande sanksyon kont otorite sa yo paske dapre yo, yo te vyole dwa moun Inyon, an total yo te pran sanksyon kont "Carrie Lam, Teresa Cheng Yeuk-wah, Xia Baolong, Zang Xiaoming, Luo Huining, Zeng Yanxiong, Chris Tang Pingkeung ak John Lee Ka-chiu", presize.

Pozisyon Palman an Ewopeyen an vini pandan preparasyon yon somè Inyon Ewopeyèn ak-Lachin ki pwograme pou mwa Mas.

XS
SM
MD
LG