Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta Anonse Sanksyon Kont Ayisyen Bell, Celestin


Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken, pandan yon konferans pou lapres nan vil Muenster, Almay.
Foto Achiv: Sekrete d Eta Antony Blinken, pandan yon konferans pou lapres nan vil Muenster, Almay.

Depatman d Eta di li vize 2 responsab Ayisyen sa yo pou koripsyon ak vyolasyon dwa moun. Nan gwoup sanksyon yo gen mezi finansye anba lwa ki rele "Global Magnitsky Act". Etazini anonse nouvèl la a l'okazyon jounen entènasyonal lit kont koripsyon an ak jounen entènasyonal dwa moun.

Dapre otorite Ameriken yo, yo pral bloke tout byen ak enterè pèsonaj sa yo genyen Ozetazini. Mezi a vize tou tout moun ki gen 505 enterè swa dirèk ou endirèk nan biznis moun sa yo.

Yo entèdi sitwayen ameriken antre an afè ak moun sa yo tou. Sitwayen Ameriken entèdi voye lajan, byen ni sèvis bay moun sa yo tou.

Met sou Bell ak Celestin, mezi Etazini anonse yo vize manm fanmi imedya yo tou. Etazini entèdi yo vwayaje lakay li.

Pi presizeman mezi Etazini adopte kont Romel Bell ak Rony Celestin di - yo akize'yo kom kwa yo te abize pozisyon piblik li epi patisipe nan aktivite kowonpi ki minnen entegrite gouvenman Ayisyen an. Nan kad akizasyon sa a gen yon manm fanmi imedyat yo ki deziyen pa sanksyon yo tou.

XS
SM
MD
LG