Accessibility links

Breaking News

Etazini Enpoze Sanksyon Kont 2 Lòt Politisyen Ayisyen pou Trafik Dwòg


Foto Achiv: Depatman Trezo Etazini nan Washington.
Foto Achiv: Depatman Trezo Etazini nan Washington.

Lèzetazini enpoze Vandredi 2 Desanm, sanksyon kont yon senatè aktyèl ak yon ex-senatè Ayisyen. Gouvènman Ameriken an akize 2 politisyen Ayisyen sa yo dèske yo mele nan trafik dwòg entènasyonal. Yo se dènye nan yon seri responsab Ayisyen Washington sible pou koripsyon.

Nan yon deklarasyon li pibliye, Depatman Trezò Etazini di li bloke byen Senatè Rony Celestin ak ansyen senatè Richard Lenine Herve Fourcand.

Brian Nelson, Sou Sekretè Depatman Trezò a pou Teworism ak Ransèyman Finansye deklare: " Rony Celestin ak Richard Fourcand se 2 lòt egzanp politisyen Ayisyen kowonpi ki abize pouvwa yo pou ede trafikan dwòg nan rejyon an."

Li ajoute: "Depatman Trezò a pral kontinye kenbe responsab kowonpi yo responsab pou trafik dwòg kap destabilize Ayiti."

Fourcand ak yon pòt pawòl biwo premye minis Ayisyen an, Ariel Henry, pat reponn demann Reuters pou fè komante. Reuters patka pran kontak ak Celestin pou komante non plis.

Depatman Trezò a akize Celestin dfèske li pwofite pòs politik li pou enpote dwòg soti Venezyela pou ffè yo antre Ayiti epitou ekspòte yo Bahamas, ak Etazini.

Washington di Fourcand sevi ak avyon li yo pou transpòte dwòg nan sid Ayiti e li akize misye dèske li sèvi ak "enfliyans politik li" pou mete mou nan pozisyon gouvènmantal ki ka ede fasilite aktivite dwòg li yo.

Mezi sa a ke Depatman Trezò a pran Vandredi bloke nempòt byen mesye yo genyen Ozetazini epi entèdi Ameriken fè afè ak yo. Depatman Trezò a di Kanada mete 2 politisyen yo sou lis nwa li tou.

Nan mwad Septanm pase a, gang Ayisyen yo te kreye yon kriz imanitè nan peyi a apre yo te bloke prensipal teminal petwòl peyi a pandan preske 6 semen epi bloke preske tout aktivite ekonomik. Sa te lakoz LONU te diskite sou posibilite pou yo ta voye yon fòs entèvansyon entènasyonal an Ayiti pou relouvri tèminal la.

Kanada ak Etazini enpoze sanksyon kont lide politik ki swadizan finanse gang yo. Dapre yo, boujwa Ayisyen yo finanse moun sa yo.

XS
SM
MD
LG