Accessibility links

Breaking News

Kanada Bloke Byen 3 Boujwa Ayisyen


Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly nan Ottawa, Ontario, Kanada.
Foto Achiv: Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau ak Minis Afe Etranje Melanie Joly nan Ottawa, Ontario, Kanada.

Gouvènman Kanadyen an fè konnen lap bloke byen 3 biznisman Ayisyen ke li akize dèske yo apiye gang ame yo. Se dènye nan yon seri mezi Kanada pran pou vize gwoup kriminèl Ayisyen yo.

Nouvo sanksyon yo vize Gilbert Bigio, pdg GB Gwoup, yon gwoup endistriyèl Ayisyen, epitou biznisman Reynold Deeb ak Sherif Abdallah.

Yon deklarasyon ministè afè etranje Kanadyen an pibliye di: "Kanada gen rezon pou kwè endividi sa yo pwofite stati elit yo an Ayiti pou pwoteje ak soutire aktivite ilegal gang ame kriminèl yo - tankou blanchisman lajan ak lòt zak koripsyon."

GB gwoup ak biwo Premye Minis Ariel Henry pat reponn demann Reuters fè pou komante. Reuters patka jwen komantè bò kote Deeb ni Abdallah non plis.

Sanksyon ki anonse Lendi 5 Desanm nan ajoute sou sanksyon Ottawa deja pran kont 3 politisyen Ayisyen nan mwad Novanm nan. Kanada di yo gen kòm bi pou "mete presyon sou moun ki responsab pou ensekirite ak enstabilite a an Ayiti."

Vandredi 3 Desanm, Lèzetazini te enpoze sanksyon kont yon senatè aktyèl ak yon ansyen senatè Ayisyen ke li akize kòm kwa yo ta mele nan trafik dwòg.

Palmantè Ozetazini ak Kanada leve vwa yo pi plis pa rapò ak lyen ki egziste ant gang yo ak boujwa Ayisyen yo.

Gen 2 palmantè Ameriken ki te di nan mwad Septanm pase ke Etazini ta dwe pran sanksyon kont lidè gang Ayisyen yo ansanm ak chèf ki finanse yo.

XS
SM
MD
LG