Dènye konvwa sòlda Etazini –yo kite Iraq, yo antre nan Kuwait dimanch 18 desanm 2011, sa ki mete fen nan yon lagè ki dire prèske 9 van ke Etazini t ap dirije e ki dechouke diktatè irakyen Saddam Hussein sou pouvwa a e ki kite irakyen yo avèk yon demokrasi frajil ki toujou ap fè fas ak rebèl e ak divizyon pou zafè politik e relijye .
Dènye konvwa –a te gen 100 kamyon militè Etazini avèk apeprè 500 sòlda te travèse fwontyè a pou antre nan Kuwait vè 7:38am di maten, lè lokal, yo kite dèyè plizyè santèn sòlda ak pèsonèl sekirite nan Anbasad Etazini an nan Baghdad.
Retrè sa a mete fen nan yon lagè ki pran lavi apeprè 4500 sòlda ameriken, plizyè dizèn milye irakyen e li koute gouvènman ameriken an plizyè santèn milya dola.