Accessibility links

Breaking News

De Douzen Moun Mouri e Blese nan Atak sou Ayewopo Kaboul la


Yon anbulans rive lopital ak moun ki blese nan atak sou ayewopo Kaboul la nan peyi Afghanistan, 26 Out, 2021.
Yon anbulans rive lopital ak moun ki blese nan atak sou ayewopo Kaboul la nan peyi Afghanistan, 26 Out, 2021.

Gen 2 eksplozyon ki fet tou prep ayewopo Kaboul la Jedi, ki touye milite Ameriken ak Afghan ki ta la pou pati kite peyi a.

Omwens 60 Afghan pedi lavi yo e yon lot 143 blese dapre yon responsab Afghan ki pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non li.

Transpo Viktim Atak Ayewopo Kaboul Afghanistan
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:15 0:00


Jeneral Ameriken Frank McKenzie ki se chef Komandman Santral Etazuni deklare pandan yon konferans pou lapres Pantagon nan oganize ke gen 12 sold aameriken - 11 Merinn ak on dokte fos naval la ki mouri. Gen 15 lot milite Ameriken ki blese.

Apre atak la, gwoup teworis Eta Islamik reklame responsabilite pou atak la, rezo nouvel li fe konnen sou Telegram.

Jeneral McKenzie di kout zam te marye apre atak ak bonm yo men vol evaksyasyon yo ap kontinye.

Prezidan Joe Biden pale sou sa nan yon diskou nasyonal aswe a.

XS
SM
MD
LG