Accessibility links

Breaking News

Dam ki Akize R. Kelly a Pral Temwaye sou Jefo li pou Fè Koken nan Pwosè a


Foto Achiv: Mizisyen R. Kelly kite trivinal Leighton nan nan Chicago, 6 Jyen 2019. Pwose misye ap tanmen Lendi nan vil Chicago.
Foto Achiv: Mizisyen R. Kelly kite trivinal Leighton nan nan Chicago, 6 Jyen 2019. Pwose misye ap tanmen Lendi nan vil Chicago.

Pwosè federal R. Kelly a pral tanmen Lendi nan Chicago. Nan anpil sans se yon repriz pwosè li pou pornografi timoun ki te dewoule nan yon tribinal eta Ilinwa an 2008.

Nan pwosè sa a, sa gen 14 zan desa, manm jiri a te jwenn chantè a inosan fas ak akizasyon kom kwa li te pwodwi videyo kote li tap fè sèks ak yon fi ki pat gen pliske 14 zan.

Sepandan gen yon gwo diferans ant pwosè sa a ak pwosè ki pral dewoule nan tribinal federal Chicago a. Fwa sa a, avoka akizasyon yo di fi ki parèt nan videyo a pral temwaye devan tribinal la.

Pami akizasyon kap peze sou do Kelly, genyen ke li te fè koken nan pwosè 2008 la. Yo di li te peye epi menase fi a pou asire li pat temwaye kont li.

Kounyea dam nan gen 30 an. Gen 4 lot dam ki akize'l ki pral temwaye nan pwosè a tou.

XS
SM
MD
LG