Accessibility links

Breaking News

Lajitis Kondane Chantè Ameriken R. Kelly a 30 ane Prizon


R Kelly
R Kelly

Vedet mizik R&B R. Kelly kondane pou'l pase 30 an nan prizon apre ke yon juri te jwenn koupab nan mwa septanm 2021 nan New York deske li tap dirije yon "sistèm" eksplwatasyon seksyèl jèn moun, ki gen ladan adolesan tifi.

Tribinal federal la nan Brooklyn te bay gwo santans sa a kont chantè a ki gen 55 an.

9 mwa de sa, chantè sa ke tout moun konnen pou hit mondyal "I Believe I Can Fly" te jwenn akizasyon kont li pou krim seksyèl nan kominote Afriken-Ameriken an.

Biwo avoka gouvènman ameriken an konsidere li kòm "yon moun ki tré manipilaté, ki renmen kontwòl epi ki pa montre okenn siy remò oswa respè pou lalwa".

XS
SM
MD
LG