Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Meksiken Pwoteste Kont Plan Prezidan an Genyen pou Chanje Enstiti Elektoral la

Plizye milye moun pran lari epi rasanble ozalantou moniman ikonik vil Mexico Siti a, Zanj Endepandans, pou montre sipo yo pou Enstiti Eleksyon Nasyonal la ke prezidan an anvizaje chanje konpletman, Dimanch 13 Nov. 2022.

Dè dizèn milye moun te rasanble sou prensipal boulva kapital Meksikèn nan pou pwoteste kont plan Prezidan Manuel Lopez Obrador genyen pou l fè gwo chanjman nan otorite elektoral la.

Se pi gwo manifestasyon ki fèt kont jefò prezidan an depi li pran pouvwa a sa gen 4 an desa.

Kokenn chenn manifestasyon Dimanch la repouse ak fòs - deklarasyon prezidan an fè pou di se yon ti gwoup opozisyon elit sèlman ki opoze plan an.

Pati opozisyon yo ak sosyete sivil yo te lanse apèl bay Meksiken yo pou yo pran lari pou pwoteste kont refòm elektoral ki ta refè konplètman Enstiti Elektoral Nasyonal la - youn nan enstiti ki pi respekte e ke moun pi fè konfyans nan peyi Meksik.

Kritik yo di refòm yo ta menase endepandans enstitisyon sa a.

XS
SM
MD
LG