Accessibility links

Breaking News

Meksik Legalize Maryaj ant Moun menm Sèks


Foto Achiv: Dayanny Marcelo ak madanm ni Mayela Villalobos reyaji apre yon jij deklare yo ofisyelman marye pandan yon seremoni nan Mexico siti, 24 Jyen 2022.
Foto Achiv: Dayanny Marcelo ak madanm ni Mayela Villalobos reyaji apre yon jij deklare yo ofisyelman marye pandan yon seremoni nan Mexico siti, 24 Jyen 2022.

Palmantè yo nan eta Meksiken fwontalye Tamaulipas la vote pou legalize maryaj ant moun menm sèks. Li se dènye pami 32 eta Meksiken yo ki otorize kalite maryaj sa yo.

Mezi pou amande Kòd Sivil eta a adopte ak 23 vòt an favè epi 12 kont. Te gen 2 abstansyon (setadi moun ki pat vote ditou) Mèkredi swa. Patizan yo te bat bravo epi rele byen fò "Wi nou kapab!" apre vòt la.

Yon jou anvan, palmantè nan eta sid Guerrero a te apwouve yon lwa parèy ki pèmèt moun menm sèks marye.

An 2015, Kou Siprèm Meksik te deklare lwa ki anpeche moun menm sèks marye pat konstitisyonèl, men gen kèk eta ki pran plizye zane pou yo adopte lwa ki konfòme ak desizyon Kou Siprèm nan.

XS
SM
MD
LG