Lidè pati politik rival yo nan Pakistan ap rankontre pou diskite sou akizasyon Etazini fè, sa pa gen lontan pou di gen yon rapò ant gouvenman Pakistan an ak yon gwoup militan ki gen lyen ak al-Qaida .
Chita-tande sa yo ap fèt nan moman sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton di Etazini ap fè yon dènye revizyon pou konnen si wi ou non li dwe konsidere rezo Haqqani an kòm yon òganizasyon Terroris.
Rankont sa a ap dewoule sou demand premye minis Pakistan an, Yousuf Raza Gilani, li pral gen patisipasyon minis afè etranjè Pakistan an Hina Rabbani Khar, 58 lidè politik, relijye ak pati nasyonalis yo.