Lachin anonse lap entèdi enpòtasyon chabon, fè, pwodui lanmè ak lòt pwodui kap soti nan Kore di Nò, ann akò ak nouvo sanksyon Nasyon Zini te apwouve, mwa sa a kon rejim .
Lidè chinwa-a te pwomèt pou peyi-l fè respekte kòmsadwa sanksyon-yo ke LaChin ak tout lòt manm Konsèy Sekikrite l ONU an san wete youn te adopte kòm respons pou tès ballistik Kore di Nò yo.
Sanksyon yo ka bloke yon afè 1 milya dola pwodui kap soti nan Kore di Nò pou ale an Chin.