Accessibility links

Breaking News

Castillo Anba Kòd Lapolis nan Pewou


Lapolis akonpaye Prezidan dechu Pewou Pedro Castillo nan yon stasyon polis kote yo kenbe li nan Lima, Pewou 7 Desanm, 2022.
Lapolis akonpaye Prezidan dechu Pewou Pedro Castillo nan yon stasyon polis kote yo kenbe li nan Lima, Pewou 7 Desanm, 2022.

Prezidan dechu Peruvyen an Pedro Castillo konparet devan tribinal Jedi apre lapolis te arete li nan pale prezidansyel la Mekredi. Lajistis ap mennen anket sou misye pou rebelyon.

Pandansetan, ranplasan li patisipe nan rankont nan pale prezidansyel la yon jou apre evenman politik dramatik ki te choke rejyon an.

Echek Pedro Castillo a vin i Mekredi, apre majorite palman an te vote pou wetire li sou pouvwa a apre li te eseye disoud palman an epi dirije pa dekre.

Lapolis arete Castillo, ke lajistis akize de rebelyon ak konplo. Avoka gouvenman yo di li pral fe fas ak akizasyon koripsyon separeman.

Odisyon prelimine a Jedi te evalye legalite arestasyon li epi anket biwo Komise Gouvenman an tap mennen sou akizasyon kom kwa li tap konplote yon rebelyon.

Avoka Castillo a, Victor Perez rejte akizasyon an e li di sa enplike zam ak vyolans ki pat janm fet.

Ansyen prezidan an te asiste odisyon an pa telekonferans e le yo te mande l si li vle pale li te reponn non.

Yon lot kote Prezidan Meksiken an, Manuel Lopez Obrador fe konnen Castillo te rele'l nan telefon Mekredi pou di li tapral mande azil nan anbasad Meksik la nan vil Lima.

Sepandan, Castillo pat janm gen tan rive nan anbasad la. Lopez Obrador di li sispek yo tap espyone telefon ni nan moman li te rele l. Li di li te mande minis afe etranje louvri pot anbasad la pou li.


Prezidan pwovizwa a Dina Boluarte pran la pawol Jedi pou di, li "demokratikman respektab pou pouse pou pi devan ak eleksyon, men pou komanse, li vle diskite pi bon chimen pou aten objektif sa a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters

XS
SM
MD
LG