Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Prezidan Prete Sèman nan Pewou


Dina Boluarte, Prezidan pwovizwa Pewou, apre prestasyon seman li, 7 Desanm, 2022.
Dina Boluarte, Prezidan pwovizwa Pewou, apre prestasyon seman li, 7 Desanm, 2022.

Nan yon sesyon ekstraodine, Palman Pewou a vote pou wetire prezidan an sou pouvwa a. Yon ti tan apre, lapolis te arete ex-prezidan Castillo nan moman li tap kite Palè Prezidansyèl la. Apre sa, vis prezidan peyi a, Dina Boluarte, te prete sèman kom nouvo prezidan Pewou.

LIMA - Palman Pewou apwouve Mèkredi yon mezi kont vakans konstitisyonèl Prezidan Pedro Castillo kreye nan peyia epi vote pou wetire misye sou pouvwa a.

101 palmantè vote an favè destitisyon Castillo.

Desizyon sa a vini yon ti tan sèlman apre ke Castillo te anonse nan maten ke li tap disoud palman an nan moman li tap fè fas ak plizyè akizasyon koripsyon.

Pandan sesyon plenè a, vis prezidan Dina Boluarte te prete sèman kom prezidan pwovizwa.

Boluarte deklare desizyon pou wetire Castillo sou pouvwa a pran nan objektif restore lod konstitisyonel la. Li di yon lot objektif sete pwoteje enstitisyon peyi a kont yon kriz.

San pèdi tan, Boluarte anonse eleksyon lejislatif ak reyoganizasyon pouvwa Jidisye a, Fiskal Jeneral la epi Tribinal Konstitisyonel la.

Boluarte di: "Depi kounyea pou rive 27 Jiyè 2026, mwen pral defann souvrènte nasyonal la, eta fizik ak moral Repiblik la epi endepandans enstitisyon demokratik yo. Mwen va respekte lwa ak konstitisyon Pewou, epi rekonet libete relisyon ak rasanbleman tout Peruvyen."

Nouvo prezidan an mande yon "trèv politik" ak opozisyon an pandan premye mwa li sou pouvwa a. Li ajoute premye priyorite li se takle koripsyon ki egizste nan peyi a.

Boluarte di Ajans Fiskal Jeneral la va pouse pou pi devan ak envestigasyon li tap mennen sou aktè koronpi yo nan gouvènman Castillo a.

Kek sous nan Ministè Piblik la di VOA ke yo pral chache fèmen Castillo nan prizon pou konplo ak trayizon Palman an. Pèn pou yon krim parèy nan Pewou se 20 an prizon. An plis de sa gen 6 ankèt yap mennen sou koripsyon nan mitan gouvènman an.

Dapre Ministè Piblik la, yo sispèk Castillo te chèf yon oganizasyon kriminèl ki te gen patisipasyon ex-minis gouvènman an, Juan Silva (Depatman Transpo Piblik) epi Geiner Alvarado.

Yo tap mennen ankèt sou Castillo tou pou pwomosyon iregilye nan mitan fos zame yo ak polis nasyonal la.

Etazini di lap suiv devlopman yo nan Pewou de pre e ke li pare pou apiye desizyon, volonte ak swè pèp Perivyen an genyen pou yon gouvènman demokratik dirije'l.

Jounalis VOA Espayol nan Lima, Pewou, Rodrigo Chillitupa Tantas ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG