Accessibility links

Breaking News

Palmantè Pewou Vote pou Wetire Prezidan an Sou Pouvwa a Apre li Eseye Disoud Palman an

Opozan Prezidan Peruvyen Pedro Castillo pran lari tou pre Palman an nan Lima, Pewou, 7 Desanm, 2022.
Opozan Prezidan Peruvyen Pedro Castillo pran lari tou pre Palman an nan Lima, Pewou, 7 Desanm, 2022.

Palmantè Pewou vote pou wetire Prezidan Pedro Castillo sou pouvwa a, Mèkredi, epi ranplase l ak vis prezidan an, yon ti tan apre Castillo te eseye disoud palman an anvan vot pou dechouke l la.

Prezidan Palman Pewou a, Jose Williams bay 2 kout pous apre palmante yo vote pou wetire Prezidan Pedro Castillo sou pouvwa a nan Lima, Pewou, Mekredi 7 Desanm, 2022.
Prezidan Palman Pewou a, Jose Williams bay 2 kout pous apre palmante yo vote pou wetire Prezidan Pedro Castillo sou pouvwa a nan Lima, Pewou, Mekredi 7 Desanm, 2022.

Humberto De La Haza se Vis Prezidan Komite Nasyonal Jistis la.

" Nou rejte kou deta Misye Pedro Castillo Terrones tap eseye fe a kont fos zame Pewou yo, polis nasyonal la ak sitwayen yo an jeneral pou defann lod konstitisyonel la. An menm tan, nap raple peyi a pesonn pa dwe respekte yon moun kap chache pran pouvwa a daso."

Palmantè Pewou yo te vote pou wetire Prezidan Pedro Castillo sou pouvwa a, Mèkredi, epi ranplase l ak vis prezidan an, yon ti tan apre Castillo te eseye disoud palman an anvan vot pou dechouke l la.

Prezidan Palman Pewou Jose Williams chante im nasyonal la ak lot palmante yo anvan Prezidan Pedro Castillo te disoud palman an, menm jou yo tap planifye pou wetire l sou pouvwa a nan Lima, Pewou, 7 Desanm, 2022.

Biwo medyatè nasyonal la di anvan vot palman an ke apre plizyè zane demokrasi, Pewou ap fè fas ak yon efondman konstitisyonal ke li konsidere tankou "yon kou deta".

Elvia Barrios se Prezidan Pouvwa Jidisye a.

" Nou kondante tout aksyon ki ale kont Konstitisyon an ak eta de dwa a. Nou lanse apel bay enstitisyon nou yo pou kenbe la fem pou respekte eta de dwa a e nou mande sitwayen yo ak sosyete sivil la pou yo rete vijilan yon fason byen oganize."

Peruvyen te pran lari pou bat bravo apre palman an te dechouke Prezidan Castillo.

Foto Achiv: Prezidan Pewou Pedro Castillo, pandan yon konferans pou lapres nan vil Lima, 11 Oktob 2022.
Foto Achiv: Prezidan Pewou Pedro Castillo, pandan yon konferans pou lapres nan vil Lima, 11 Oktob 2022.

Nan Washington, pot pawol Depatman d Eta a, Ned Price fe konnen Etazini ap suiv sityasyon an nan Pewou de pre.

Price di: " Sityasyon an flou, men sanble Palman Peruvyen an pran mezi pou korije sityasyon an e yap chache wetire l konplètman sou pouvwa a. Nou pral kontinye suiv devlopman yo de pre e nou va aji ann ako ak swè ak aspirasyon pep Peruvyen an."

Sekretè Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, LOEA reyaji tou.

Luis Almagro di sou Twitter: "Jodia yo chanje lod konstitisyonel la nan Pewou. Mwen voye di @DinaErcilia ke nou apiye demokrasi, lapè ak enstitisyon yo nan Pewou epi ke gen bezwen ijan pou rebati chimen demokratik la nan peyi a.

Konsèy Pèmanan LOEA a ap fè yon rankont apremidi a pou diskite sou sityasyon Pewou a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters. Korespondan VOA nan Depatman Deta Cindy Saine kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG