Accessibility links

Breaking News

Canada, Etazini ak Alye yo Diskite Asistans pou Ayiti


Foto Achiv: Premye Minis Kanada Justin Trudeau, 8 Dec. 2022.
Foto Achiv: Premye Minis Kanada Justin Trudeau, 8 Dec. 2022.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau deklare fòk yo aji tou swit pou rezoud pwoblèm ensekirite a ann Ayiti. Trudeau di fòk yo dispoze plis asistans pou Ayiti. Sijè sa a reprezante pwen santral yap diskite pandan yon rankont vityèl ki gen patisipasyon Kanada, Etazini ak La Frans.

Trudeau pran la pawòl Vandredi, nan kòmansman rankont la ke Kanada ap patwone. Gen 165,000 Ayisyen kap viv nan Kanada.

Kriz konstitisyonèl la vinn pi grav ann Ayiti apre asasina Prezidan Jovenel Moise 7 Fevriye 2021.

Trudeau deklare fòk Ayiti rebati e youn nan minis li yo anonse yon nouvo pwogram asistans.

GADE: Repotaj Wilfrid Estime depi Montreal sou reyaksyon Ayisyen sou rankont la

Ayisyen Montreal Reyaji sou Rankont o Somè Kanada sou Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:29 0:00

XS
SM
MD
LG