Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pami Sije Kap Diskite Pandan Some Amerik yo, yon Responsab di VOA


Lamezonblanch nan Washington, Lendi 17 Janvye, 2022.
Lamezonblanch nan Washington, Lendi 17 Janvye, 2022.

Etazini ap fè preparasyon pou Somè Amerik yo, ki se youn nan priyorite administrasyon Biden nan pou Emisfè Oksidantal la. Somè a pral dewoule ant 6 ak 10 Jyen nan vil Los Angeles, eta Kalifoni. Se premye fwa somè a ap dewoule Ozetazini, depi yo te vini ak ide pou fè'l an 1994. Nan epòk sa a se Bill Clinton ki te prezidan Etazini.

Lamezonblanch te envite jounalis yo koze ak yon wo responsab administasyon an Jedi, kote li banou detay sou somè sa a.

Dapre responsab la prensipal objektif somè sa a te fikse premye ane a - entegrasyon, kwasans ekonomik, diminye inegalite, ogmante sekirite ak konsolide konsansis emisfè a an favè demokrasi - eben tout bagay sa yo menase jounen jodia.

Tèm pou 2022

Tèm yo chwazi pou ane sa a se "Bati yon Avni ki Dirab, Reziyan ak Ekitab". Somè sa a rasanble tout lidè emisfè Oksidantal la kote yo gen entansyon koze youn ak lòt epi manm sektè prive a, sosyete sivil la ak lot sektè anko. Epitou ap gen yon fowom pou PDG konpayi yo. Konn genyen tou yon foròm pou pèp Endijèn yo.

An menm tan, se yon opotinite pou patisipan yo jwi tout sa vil Los Angeles gen pou'l ofri nan tout nivo. Nap raple ke Vis Prezidan Ameriken an, Kamala Harris se moun eta Kalifoni.

Pandemi, chanjman klimatik

Pami priyorite pou somè a ane sa a, dapre responsab la, gen lit kont pandemi COVID-19 la, sistèm swen sante yo ak sekirite sistèm sante yo.

Yo pral mize tou sou kestyon solisyon dirab pou pwoblèm nan domèn enèji a kote yo vle dekouraje rejyon an depann sou konbistib fosil yo. Ladann gen sipò finansye pou Karayib la ak Zile ki sibi gwo konsekans akoz chanjman klimatik.

Migrasyon

Migrasyon se yon lòt sijè enpòtan, responsab la di, ki afekte tout emisfè a. Prezidan Biden ta renmen pou yo adopte yon apwoch konpreyansiv fas ak defi migrasyon an ki ale pi lwen pase frontyè yo ak politik migrasyon. Li di fòk yo chanje lwa imigrasyon Etazini yo tou, ranfòse frontyè a, trete migran yo ak diyite epi tabli yon sistèm pou mande azil ki efikas.

Kestyon migrasyon an se youn nan kestyon Vis Prezidan Kamala Harris ap eseye jere.

Ayiti

Responsab la mansyone Ayiti tou. Li di yo vle apiye pep Ayisyen an nan moman yap fe fas ak pwoblem ekonomik ak sante lakay yo. Sekretè d'Eta a fikse kòm objektif pou envesti nan peyi sa yo pou ke sitwayen yo pa oblije kouri kite kay yo pou al viv lòt bò dlo.

Li mansyone tou kriz Ayiti ap travèse e ki bay tout emisfè a kè sote. Li mansyone asasina Prezidan Jovenel Moise la, tranbleman de tè mwad Out 2021 an ak jefò kap fet pou jwenn yon ako politik pami dives aktè nan peyi a. Responsab la di Etazini ta renmen ranfòse kapasite Polis Nasyonal Ayisyen an pou fe fas pi byen ak defi ensekirite a.

Li di gouvenman Etazini apiye solisyon Ayisyen ak efò pou rebati enstitisyon yo pou peyi a ka kowopere ak lòt yo sou kestyon migrasyon, sekirite, sante ak ekonomi a.

Rankont Kanada sou Ayiti

Responsab la mansyone rankont gouvènman Kanadyen an òganize demen Vandredi pou diskite sou Ayiti. Etazini ap patisipe ladann. Responsab la di se pral yon opòtinite pou bay detay sou apwoch administrasyon an vizavi Ayiti. Li di apwoch sa a se yon plan kote yo travay sere sere ak diaspora a epi diskite ak manm sosyete sivil la ak lòt aktè konsène ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG