Accessibility links

Breaking News

60 Moun pou Pipiti Mouri nan yon Akochay Anndan yon Prizon o Brezil


Fanmi prizonye yo kap tann nouvèl pou konnen si moun pa yo ta mouri oubyen chape nan lese-frape ant gwoup gan nan prizon ki nan forè Amazon, nan Manaus, Brezil, 2 janvye 2017.
Fanmi prizonye yo kap tann nouvèl pou konnen si moun pa yo ta mouri oubyen chape nan lese-frape ant gwoup gan nan prizon ki nan forè Amazon, nan Manaus, Brezil, 2 janvye 2017.

60 moun pou piti pèdi lavi yo apre yon eskonbit ki te pete nan prizon eta Amazòn yo nan nòdwès Brezil, pandan otorite yo fè konnen bilan moun ki mouriyo ka monte.

Deyo sant penitansyè, Anisio Jobin lan, apre eskonbrit premye janvye 2017 la kote 60 prizonye pèdi lavi yo. Mansus, Brezil, 2 janvye 2017.
Deyo sant penitansyè, Anisio Jobin lan, apre eskonbrit premye janvye 2017 la kote 60 prizonye pèdi lavi yo. Mansus, Brezil, 2 janvye 2017.

Otorite yo fè konnen pwoblèm nan koumanse yè dimanch premye janvye 2017 la nan Sant Penitansye Anisio Jobim nan Manaus e tout bagay sou kontwòl jodi lendi 2 janvye a.

Nouvèl nan laprès fè konnen asayan yo te voye plizyè kò san tèt pa lòt bò miray prizon an pandan lese-frape tap kontinye. Se yon gè ant gang rival nan trafik dwòg ki te deklannche eskonbrit la.

XS
SM
MD
LG