Accessibility links

Breaking News

Blinken Pral Ann Ewòp


Foto Achiv: Sekrete D'Eta Antony Blinken.
Foto Achiv: Sekrete D'Eta Antony Blinken.

WASHINGTON - Sekretè d'Eta Ameriken an Antony Blinken pral vizite 6 peyi Ewopeyen semèn sa a, pami yo eta Baltik yo ak Moldovi, ki sou tansyon nan moman La Risi ap entansifye lagè li kont Ikrèn.

Depatman Deta di Blinken pral vwayaje Jedi nan Bèljik pou yon rankont ak minis afè etranje LOTAN yo anvan li pran direksyon frontyè Polòy pataje ak Ikrèn pou rankontre refije yo. Apre sa li pral Moldovi, Lityani, Letoni ak Estoni.

Polòy ak 3 peyi Baltik yo se manm LOTAN e Atik 5 LOTAN an proteje yo, kivledi alye yo gen angajman pou yo defann yo si yo sibi atak. Si ou konsidere kote yo sitye, bò kote La Risi, responsab yo kwè yo gen pi gwo risk si konfli Ikrèn nan pwopaje.

Moldovi, ki sitye a lwès pa yon manm LOTAN men li gen relasyon ak alyans la e depi lontan li opoze prezans twoup Ris yo sou teritwa ki rele Transnistria a.

XS
SM
MD
LG