Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Boris Johnson 'Militè Ris Yo Itilize Zam yo Kont Sivil'


UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-JOHNSON
UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-JOHNSON

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, deklare ke Larisi koupab de yon "krim lagè" nan Ikrèn akòz dapre premye minis la fòs militè Ris yo te itilize zam kont sivil yo e li te mande Nasyonzini pou "mande" LaRisi kite peyi Ikrèn.

Anbasadè Ikrenyen an Vadym Prystaïko, ki te prezan nan galri yo nan chanm depite a te jwenn yon ovasyon nan men depite yo. Apre sa Boris Johnson te deklare "Sa nou deja wè nan rejim Vladimir Putin a konsènan katouch li ap tire sou sivil moun ki inosan yo nan peyi Ikrèn, sa konstitye tankou yon krim lagè".

Pwokirè a nan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la (ICC) te anonse Lendi ouvèti "pi vit ke posib" yon ankèt sou sitiyasyon an nan peyi Ikrèn, kote yap pale "krim lagè" ak "krim kont limanite".

Misye Johnson di "Putin fè yon move kalkil grav kote li deside atake yon nasyon souveren".

"Li souzèstime kouraj ekstraòdinè pèp Ikrenyen an ak inite ak detèminasyon mond lib la pou opoze barbaris yo," li te ajoute.

Li mande peyi manm Nasyonzini yo pou yo kondane lagè a.

Opozisyon nan chanm te mande poukisa Wayòm Ini a pa t sanksyone bilyonè Roman Abramovich, ki se pwopriyetè klib foutbòl Chelsea a nan "Premier League"la, Boris te refize fè kòmantè sou dosye a, men li te asire ke Lond gen entansyon "kontinye sere boulon" Larisi.

XS
SM
MD
LG