Nan Nijerya, biwo vòt ouvè pot yo pou akesye elektè k ap vinn lage bilten nan kous pou pòs gouvènè yo, e otorite elektoral yo bay asirans ke yo pral pwoteje elektè yo, malgre zak vyolans ki te deklanche nan peyi a apre eleksyon prezidansyèl yo nan kòmansman mwa sa a.
Eleksyon pou pòs gouvènè a ap dewoule nan pifò nan 36 eta Nijerya yo, sepandan yo ranvwaye vòt la pou 2 jou apre nan eta Kaduna ak eta Bauchi akoz kè sote sou kesyon sekirite.
Otorite nijeryann yo lage sou do gwoup islamis radikal Boko Haram nan atak bonm ki te fèt dimanch pase ak lendi 25 avril 2011 la nan vil Maiduguri nan pati nordès nasyon afrik delwès la.
Otorite yo di militan sa yo ta eseye entimide elektè anvan vot 26 avril 2011 la/