Accessibility links

Breaking News

Bilan Mondyal Viktim COVID-19 yo Depase 5 Milyon


Fanmi Luis Enrique Rodriguez, ki mouri ak COVID-19 vizite morn kote li antere a nan Cogua, o no Bogota, Kolonbi, Lendi 25 Oct. 2021.
Fanmi Luis Enrique Rodriguez, ki mouri ak COVID-19 vizite morn kote li antere a nan Cogua, o no Bogota, Kolonbi, Lendi 25 Oct. 2021.

Bilan mondyal moun ki mouri ak COVID-19 nan 2 zan depase 5 milyon. Se yon kriz ki non sèlman devaste peyi sou devlope yo men tou gwo peyi endustriyalize ki gen bon jan swen sante lakay yo.

Ansanm, Etazuni, Unyon Euwopeyen an, Angletè ak Brezil repreante 1/8 popilasyon mondyal la men prèske mwatye viktim yo.

Etazuni poukont li anrejistre plis pase 745,000 lanmo lakay li - swa plis pase tout lòt peyi.

Chif etonan sa a prèske sètènman pi ba pase vre chif la paske se gen kote yo pa konte lanmò yo akoz yo pat teste malad la, epitou gen moun ki mouri lakay yo san yo pat janm al lopital - sitou nan peyi tankou End.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG