Accessibility links

Breaking News

Pòt Pawòl Lamezonblanch Jen Psaki Teste Pozitif Pou COVID-19


Pot pawòl Lamezonblanch, Jen Psaki pandan yon rankont ak lapres nan Washington, 27 Oct. 2021.
Pot pawòl Lamezonblanch, Jen Psaki pandan yon rankont ak lapres nan Washington, 27 Oct. 2021.

Pòt pawòl Lamezonblanch, Jen Psaki fe konnen li teste pozitif pou COVID-19. Madan Psaki pap vwayaje ak Prezidan Joe Biden, ki nan Wòm wiken sa a pou asiste rankont o somè Gwoup dè 20 an, e ki pran wout pou l al Ekòs apre sa pou asiste rankont o somè Nasyonzuni sou chanjman klimatik la, COP26.

Madan Psaki di denye fwa li te gen kontak ak Prezidan Biden se Madi le li te rakontre l nan Mezon Blanch la. Madan Psaki ajoute te gen yon distans plis pase 6 pye (1.82 met) ant yo e yo tou 2 te gen mask nan figu yo.

Psaki te gen entansyon vwayaje ak prezidan an men li te anile vwayaj la apre li te aprann kek manm fanmi ni te teste pozitif pou COVID-19.

Pòt pawòl la pibliye yon mesaj sou eta sante li sou kont Twitter ofisyèl li a.


Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG