Yon responsab wo plase administrasyon Biden nan ranseye jounalis yo Lendi sou yon nouvo lòd egzekitif Prezidan Biden siyen pou kore jefò kap fèt pou mennen tounen Ozetazini otaj Ameriken ak sitwayen Etazini ki fèmen nan prizon enjisteman nan peyi Etranje.
"Peyi etranje ki femen moun nan prizon enjisteman, kitse pou rezon politik, kitse pou jwenn konsesyon bò kote Etazini, menase entegrite sistèm politik entènasyonal la e plis pase sa, sekirite sitwayen Ameriken ak moun nan peyi etranje. Nou ka di menm bagay la pou oganizasyon teworis, gwoup kriminèl ak lòt aktè mechan ki pran otaj pou avantaj finansye, politik oubyen rezon enfam," responsab la deklare.
Prezidan Biden siyen lod egzkitif la Madi. Li gen ladann sa responsab yo dekri tankou yon seri nouvo "zouti" ki va ede yo mennen sitwayen yo Ozetazini epi enpoze konsekans pou koupab yo.
Nouvo lòd egzekitif la rele "Bolstering Efforts to Bring Hostages and Wrongfully Detained U.S. Nationals Home" (Kore jefò pou mennen otaj ak Ameriken ki fèmen nan prizon enjisteman tounen lakay yo).
Nouvo mezi
Pami nouvo mezi yo genyen plis sipò pou fanmi Ameriken ki femen nan prizon lòt bò dlo oubyen ke yo kenbe ann otaj. Li mande pou kek ajans gouvenman federal la ogmante enteraksyon yo ak fanmi sa yo epi pataje enfomasyon - ansanm ak ranseyman le li apwopriye - konsenan stati moun nan ak jefò gouvenman an ap fe pou libere yo.
Li otorize tou depatman ak ajans gouvenman Ameriken an enpoze pri ak konsekans sou tout moun ki patisipe nan aksyon an. Ladann gen sanksyon finansye, entediksyon viza e li aplikab menm si moun ki fe fas ak pri ak konsekans sa yo te aji pou yon peyi oubyen yon rezo teworis.
Endis risk "D"
Adminsitrasyon Biden-Harris la ap entwodwi tou nan lòd egzekitif sa a yon nouvo endis risk "D" ki siyifye detansyon enjis. Yap ajoute'l sou konsey vwayaj Depatman Deta yo, ki egziste pou tout peyi toupatou nan mond lan e ki aveti Ameriken sou risk yo ka konfwonte le yap vayaje ale nan kek peyi an patikilye.
Dapre responsab yo, nouvo endis "D" a pral enfòme touris Ameriken yo sou gouvenman etranje ki anprizone enjisteman Ameriken epi nivo risk ki poze nan kek peyi an patikilye. Lap mete a la dispozisyon Ameriken yo tou enfomasyon sou sekirite ke yo ka sevi le yap deside si wi ou non yo dwe vwayaje nan yon peyi.
"Transparans sa a pral montre peyi ki patisipe nan kalite zak repreyansib sa yo, epitou mond lan, ke nou pran angajman pou klere limyè sou sa y ap fè a," responsab la deklare.
Endis "D" a ap vinn ajoute sou endis "K" ki deja egziste a ki kouvri risk ki poze pou kidnaping ak pou posibilite pou yo pran Ameriken ann otaj.
Se tout tan Depatman Deta revize konsey li yo pou vwayaj.
Peyi li vize
Responsab yo di peyi ki pral resevwa endis risk "D" a se: Birmani, La Chin kominis, Iran, Kore di Nò, La Risi ak Venezyela.
Responsab la di mennen otaj Ameriken tounen lakay yo se yon priyorite pou Prezidan Biden.
"Lòd egzekitif sa a se byen antande yon pati enpotan ki swiv jefò nou deplwaye ak sikse pou libere Ameriken yo te kenbe ann otaj nan peyi tankou: Ayiti, Afghanistan, Venezyela, Birmani ak lòt peyi ankò pandan administrasyon sa a. E li pral kontinye trake koze sa yo nan pi wo nivo ak enteraksyon direk lideship Konsey Nasyonal Sekirite a, lideship Depatman d'Eta a ak lòt ankò."