Accessibility links

Breaking News

Biden, Prezidan Meksiken an Diskite sou Migrasyon


Prezidan Joe Biden pandan yon rankont ak pwopriyete ti biznis yo nan Lamezonblanch nan Washington, Jedi 28 Avril 2022.
Prezidan Joe Biden pandan yon rankont ak pwopriyete ti biznis yo nan Lamezonblanch nan Washington, Jedi 28 Avril 2022.

Prezidan Joe Biden diskite jefo kap fèt pou kontre pakèt migran kap rive sou frontye sid Etazini an pandan yon apèl telefon ak Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador.

Biden ak lidè Meksiken an pale pandan 52 minit, dapre Lamezonblanch.

Sekretè de près Jen Psaki di konvèsasyon an te "trè konstriktiv" e ke li te konsantre sou kowodinasyon ozalantou kestyon migrasyon ak ekonomik.

Etazini gen entansyon mete fen 23 Me kap vini an nan yon lwa ki entèdi moun mande azil Ozetazini pou rezon sanitè. Leve entèdiksyon sa a taka lakoz yon pakèt migran eseye kouri travèse frontyè a.

Lopez Obrador pibliye yon mesaj sou Twitter kote li di konvèsasyon an te "kodyal" e konsantre sou "kestyon ki enterese tou 2 peyi yo."

XS
SM
MD
LG