Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Vwayaje ann Ewòp pou Diskisyon sou Ikrèn


Prezidan Joe Biden pale pandan yon rankont responsab gwo konpayi ameriken yo, Lendi 21 Mas, 2022 nan Washington.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon rankont responsab gwo konpayi ameriken yo, Lendi 21 Mas, 2022 nan Washington.

Prezidan Joe Biden, ki t ap rankontre ak yon gwoup òmdafè, pa ekate posiblite pou Larisi ta lanse yon atak sibenetik oubyen itilize zam biyolojik ou chimik nan Ikrèn nan moman konfli a prèske rive sou yon mwa.

Prezidan Biden pale konsa anvan li fè yon vwayaj sou kontinan ewopeyen an kote li pral patisipe nan somè peyi manm l’OTAN yo epi nan 2 lòt rankont: youn ak lidè gwoup G-7 la epi lòt la avèk ofisyèl Konsey Ewopeyen an pou yo abòde sitiyasyon an nan Ikrèn.

Apre sa, nan fen semèn nan, lidè ameriken an gen pou l ale nan Polòy kote li va fè chita-tande ak otorite yo sou dosye refijye ikrenyen yo.

XS
SM
MD
LG