Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Enspekte Dega Dife Fe nan Kalifoni


Prezidan Joe Biden salye milite yo anvan li monte abo Air Force One, avyon prezidansyel la pou'l al nan Boise, eta Idaho, Lendi 13 Sept. 2021.
Prezidan Joe Biden salye milite yo anvan li monte abo Air Force One, avyon prezidansyel la pou'l al nan Boise, eta Idaho, Lendi 13 Sept. 2021.

Prezidan Joe Biden ap fe piblisite pou fason administrasyon li an byen sevi ak lwa Pwoduksyon pou Defans la pou ede eta nan oues peyi a fe preparasyon pou gwo dife ki konn pran nan rejyon sa a epi devaste fore ak kay.

Jodia, prezidan an pral we dega dife sa yo fe nan eta Kalifoni epi rankontre ponpye nan eta Idaho.

Biden ap eseye ranmase sipo pou yo kokenn chenn bidje $3,5 trilyon. Kidonk li deside lye depans pou jere dife yo ak pwogram sosyal pandan vizit li nan 2 eta sa yo epi Colorado.

Vwayaj Prezidan Biden ap fe Lendi ak Madi vini an menm tan ak yon eleksyon pou raple gouvene Gavin Newsom.

Prezidan an pral fe yon paret ak Newsome lavey eleksyon an, ki fikse pou Madi.

XS
SM
MD
LG