Accessibility links

Breaking News

Biden Asiste Seremoni Sonb Pou Komemore 20e Anivese Atak 11 Sept yo

Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden depoze yon jeb fle devan Miray Non yo pandan yon vizit nan Moniman nan l'one Vol 93 la nan Shanksville, Pensilvani, 11 Sept. 2021.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden depoze yon jeb fle devan Miray Non yo pandan yon vizit nan Moniman nan l'one Vol 93 la nan Shanksville, Pensilvani, 11 Sept. 2021.

Prezidan Joe Biden komemore 202 anivese atak teworis 11 Septanm 2001 yo Samdi ak seremoni sonb epi moman silans le l'al vizite 3 lye ki reprezante atak teworis pi grav ki janm fet nan listwa mond modenn nan.

Biden ansanm ak premye dam Jill Biden asiste seremoni nan vil kote 4 avyon ak 19 teworis te lanse evenman ki te deklanche lage Etazuni te mennen pandan 20 an nan peyi Afghanistan. Premye vizit li, sete nan Nouyok, kote yo sekirite a te sere anpil. Responsab vil la, responsab eta Nouyok ak majistra vil la Bill de Blasio te souliyen pa gen "okenn menas presi ni kredib ki lanse" kont Nouyok siti.

Dives fle bo kote non moun ki te mouri nan atak teworis kont Sant Komes Mondyal la 11 Septanm 2001 nan Nouyok.
Dives fle bo kote non moun ki te mouri nan atak teworis kont Sant Komes Mondyal la 11 Septanm 2001 nan Nouyok.

Nan komante li te anrejistre d'avans, Biden te pwofite okazyon an pou'l lanse yon apel a l'unyon nan yon peyi Etazuni kap vin de pluzanplu divize.

"Se unyon ki fe nou sa nou ye jodia," prezidan an deklare. "Pi bel Etazuni an - nan opinyon pa'm se pi go leson 11 Septanm aprann nou - ki se ke le nou vulnerab, sa ki esansyel antanke kretyen vivan nan lit pou nam Etazuni, se unyon - se sa ki pi gwo atou nou. Unyon pa vle di nou tout kwe nan menm bagay la. Men fok nou gen yon respe fondamantal ak yon fwa nan konpatriyot nou yo ak nan peyi nou."

Prezidan an komanse jounen an nan vil Nouyok, nan Sant Komes Mondyal la kote 2 avyon te frape bilding no ak sid yo, nan granm maten 11 Septanm, yon bel jounen ansoleye, sa gen 20 an desa.

Ansyen prezidan Bill Clinton ak Barack Obama te rejwenn ni ansanm ak ansyen Sekrete D'Eta Hillary Clinton, ansyen premye dam Michelle Obama ak plizye lot wo fonksyone leta.

Ex Prezidan Bill Clinton, ansyen premye dam Hillary Clinton, ex Prezidan Barack Obama, ansyen premye dam Michelle Obama, Prezidan Joe Biden, Premye Dam Jill Biden ak responsab vil Nouyok, 11 Sept. 2021.

Biden t'al nan Shanksville, Pennsilvani apre sa kote pasaje abo vol 93 yo te revolte kont teworis ki tap eseye detounen avyon an pou fe'l frape Capitol la (syej palman an).

Vis Prezidan Kamala Harris te komanse jounen an nan Shanksville limenm, akonpaye pa ansyen Prezidan George W. Bush ak ansyen premye dam Laura Bush.

Vis Prezidan Harris Rann Omaj a Viktim Atak 11 Sept yo nan Shanksville
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:30 0:00

Apremidi a, Biden t'al depoze yon jeb fle nan Pantagonn nan ki se lot lye gouvenman federal la teworis yo te vize.

XS
SM
MD
LG