Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Pase Lod Pou Tout Anplwaye Gouvenman Federal la Vaksinen Kont COVID-19


President Joe Biden speaks in the State Dining Room at the White House, Sept. 9, 2021, in Washington.
President Joe Biden speaks in the State Dining Room at the White House, Sept. 9, 2021, in Washington.

Prezidan Joe Biden fe konnen jodi Jedi a li gen entansyon pase lod bay 2.5 milyon anplwaye gouvenman federal yo pou yo al pran vaksen kont COVID-19 la nan kad yon nouvo jefo pou kontwole pandemi a.


Nouvo lod sa a, ki elimine opsyon li te bay anplwaye federal yo pou yo al pran tes COVID regulyeman si yo pa vle pran vaksen an, fe pati yon plan ak 6 pwen Biden detaye pandan yon diskou li fe jodia nan Mezon Blanch la. Mezi'a anvizaje konbat pwopagasyon varyan delta coronavirus la, ki rekomanse fe ravaj nan semen ki pase yo e ki lakoz yon paket moun mouri.

Prezidan an bay detay sou nouvo jefo li pral deplwaye pou konvenk moun ki poko vaksinen yo pou y'al pran piku a, epi pwoteje sa yo ki deja vaksinen ak "booster" kidonk vaksen siplemante nan semen kap vini yo. Li vle pou lekol yo rete ouve pandan y'ap ogmante kantite tes COVID ki a la dispozisyon publik la. Prezidan an di li pral egzije pou moun mete mask nan kek sityasyon. Li di li ta renmen pou ekonomi a kontinye amelyore, epi amelyore swen moun ki trape COVID-19 ap resevwa.

Mezon Blanch la espere ke ak lod sa a yo pase anplwaye federal yo, biznis Ameriken yo pral fe meman pareyman. Gen kek gwo konpayi ki deja mande tout anplwaye yo al pran vaksen si yo pa vle pedi djob yo.

Denye ogmantasyon ka kowonavirus Ozetazuni yo se moun ki pat vaksenen, men gen kek enfeksyon tou ki anrejistre pami moun ki vaksinen sa gen kek mwa desa.

Plis pase 177 milyon moun Ozetazuni - sou yon total de 332 milyon abitan deja pran vaksen an, men otorite federal yo poko apwouve piku sa a pou timoun ki gen mwens pase 12 zan.

Jounalis Ken Bredemeier ekri vesyon orijinal teks sa a

XS
SM
MD
LG