Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Ankouraje Putin Pou'l Mete Dlo Nan Diven li Pa Rapò ak Ikrèn


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden ak Prezidan Ris la Vladimir Putin, anvan yon rankont nan 'Villa la Grange' nan Jenev an Suis, 16 Jyen 2021.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden ak Prezidan Ris la Vladimir Putin, anvan yon rankont nan 'Villa la Grange' nan Jenev an Suis, 16 Jyen 2021.

Prezidan Joe Biden ak Vladimir Putin pral pale nan telefòn jodi Jedi a sou pakèt twoup Ris ki gonfle sou frontyè Ikrèn nan.

Sa reprezante yon nouvo seri chita pale ant lidè yo, nan moman Kremlen an lanse apèl pou plis garanti sekirite. Risi fè esè misil ipèsonik tou, pou souliyen demann sa a.

Lamezonblanch fè konnen Biden pral di Putin klèman ke chemen diplomatik la rete ouvè e ke gen posibilite pou wo responsab 2 peyi yo rankontre nan Jenèv mwa pwochen an.

La Risi deplase yon afè 100,000 twoup nan direksyon Ikrèn e Putin ogmante demann ni pou garanti sekirite ki ta gen kòm kondisyon pou l'OTAN (Oganizasyon Trete Atlantik Nò a) pa etann pou'l enkli Ikrèn.

XS
SM
MD
LG