Accessibility links

Breaking News

Biden Pare pou Anonse Asistans pou Etidyan yo


Prezidan Joe Biden salye moun apre li tounen nan Lamezonblanch nan Washington, Mekredi 24 Out, 2022.
Prezidan Joe Biden salye moun apre li tounen nan Lamezonblanch nan Washington, Mekredi 24 Out, 2022.

Prezidan Joe Biden pral anonse Mèkredi plan li anvizaje depi lontan pou padone jiska $10,000 dola prè federal pou etidyan pou anpil Ameriken, epi pwolonje yon poz nan re-peyman prè yo pou jous mwad Janvye 2023. Se sa 3 moun ki familye ak plan an di Associated Press.

Prezidan Biden fè fas ak anpil presyon bo kote liberal yo pou'l ede pi plis etidyan ki prete lajan pou al lekol, e ki afekte anpil ak sityasyon ekonomik peyi a. Modere yo ak Repibliken yo yomenm ap mande si lide pou padone dèt tout moun sa yo se yon bagay ki jis.

Prezidan Joe Biden salye kek moun apre li tounen nan Lamezonblanch nan Washington, Mekredi 24 Out, 2022.
Prezidan Joe Biden salye kek moun apre li tounen nan Lamezonblanch nan Washington, Mekredi 24 Out, 2022.

Delè nan desizyon Biden nan ogmante antisipasyon pa rapo ak sa konseye li yo admèt reprezante yon sityasyon politik kote pèson pap genyen.

Desizyon ki pran a la dènyè minit, se yon bagay administrasyon Biden nan fè souvan. Sepandan desizyon sou prè etidyan yo ki trennen anpil, reflete defi veksan Biden ap konfwonte pou'l kenbe pwomès kle li te fè pandan kanpay li.

XS
SM
MD
LG