Accessibility links

Breaking News

Biden Lanse yon Pinga bay Putin si Larisi Atake Ikrèn


Dans cette image publiée par la Maison Blanche, le président américain Joe Biden (à droite), avec le secrétaire d'État Antony Blinken (2e à droite), s'entretient avec le président russe Vladimir Poutine (à l'écran) depuis la Maison Blanche à Washington DC, le 7 décembre 2021.
Dans cette image publiée par la Maison Blanche, le président américain Joe Biden (à droite), avec le secrétaire d'État Antony Blinken (2e à droite), s'entretient avec le président russe Vladimir Poutine (à l'écran) depuis la Maison Blanche à Washington DC, le 7 décembre 2021.

Prezidan Joe Biden "te fè konnen" ke Vladimir Putin ap jwe ak dife e yo ka enpoze gwo"sanksyon ekonomik" kont yo. Nan somè vityèl sa Biden te lanse pinga sa a bay Putin sou eskalasyon militè kont Ikrèn.

Dapre yon deklarasyon Lamezon Blanch te fè, prezidan Ameriken an te di Lèzetazini ak alye li yo te "eksprime gwo enkyetid" fas ak twoup Ris yo ki sou fwontyè ke li gen ak Ikrèn lan.

Kremlin bò kote pa li pako di kisa ki te diskite nan somé vityèl la ant de mesye yo, ki te dire de èdtan.

Televizyon Ris yo te montre videyo reyinyon an nan kòmansman somè a, ki te montre lè prezidan Vladimir Putin tap chita devan yon ekran nan rezidans li nan Sochi.

Mezon Blanch lan, bò kote pa l, te pibliye yon foto ki montre Joe Biden nan "Situation Room", chanm kriz ultra-sekirite nan Mezon Blanch lan, nan prezans plizyè nan konseye'l yo.

Youn ladan yo, konseye sekirite nasyonal li a, Jake Sullivan, pral reponn kesyon laprès a 7è nan aswè GMT nan Washington.

Joe Biden gen pou li rele Prezidan franse Emmanuel Macron, Chanselye Alman an Angela Merkel, ak Premye Minis Italyen Mario Draghi ak Britanik Boris Johnson pou fè swivi apre echanj li ak Vladimir Putin.

Vladimir Poutine a serré la main de 5 présidents américains
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:35 0:00

XS
SM
MD
LG