Accessibility links

Breaking News

Biden Deklare Pap Francis Di'l Li Ta Dwe 'Kontinye Resevwa Komunyon'


Prezidan Joe Biden ak Pap Francis apre rankont yo nan Vatican an, 29 Oct. 2021.
Prezidan Joe Biden ak Pap Francis apre rankont yo nan Vatican an, 29 Oct. 2021.

Prezidan Joe Biden deklare kestyon avòtman an pat diskite pandan rankont li ak Pap Francis jodia.

Sepandan prezidan an di souvren pontif la di'l li ta dwe kontinye resevwa Komunyon, malgre apèl kèk Katolik konsevatè lanse pou di yo ta dwe anpeche Biden resevwa sakreman sa a akoz pozisyon ni sou kestyon avòtman an.

Pandan pale li te fè ak jounalis yo apre rankont prive li te genyen ak Pap la pandan 75 minit nan Vatican an, Prezidan Biden fè konnen Francis di'l "li te kontan mwen se yon bon Katolik" e ke li ta dwe "kontinye resevwa Komunyon."

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG