Accessibility links

Breaking News

Vatican Anile Emisyon an Dirèk Kote Prezidan Biden Salye Pap la


Foto Achiv: Pap Franswa bay lanmen ak Joe Biden ki te Vis Prezidan Etazini nan epòk la nan Vatican 29 Avril, 2016.
Foto Achiv: Pap Franswa bay lanmen ak Joe Biden ki te Vis Prezidan Etazini nan epòk la nan Vatican 29 Avril, 2016.

Vatican anile sanzatann yon emisyon andirèk li te planifye pou moman kote Prezidan Joe Biden ap rankontre Pap Franswa.

Emisyon an dirèk vizit Biden nan koupe apre kotèj li a rive nan Palè Apostolik la. Kidonk yo anile kouvèti moman kote Prezidan Biden, ki se dezyèm prezidan Katolik Ameriken, t ap salye souvren Pontif la epi moman kote yo te kòmanse konvèsasyon prive yo.

Yon pòt pawòl Vatican an deklare plan an reflete pwosesis yo mete an plas pandan pandemi a.

Moun tap suiv rankont sa a de pre paske evèk Ameriken yo sipoze rankontre nan kè k semèn pou konvansyon anyèl sezon ivè a.

Konsèvatè yo ki pa kontan ke Biden apiye dwa pou yon fanm fè avòtman, deklare legliz la ta dwe diskalifye li pou'l pa resevwa komunyon.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG