Accessibility links

Breaking News

Biden Nan Wout Pou Ewòp Pou Asiste Somè Global, Nan Moman Politik Enteryè li Poko Jwenn Apwobasyon Kongrè a


Prezidan Jose Biden salye milite yo pandan premye dam Jill Biden di babay anvan yo monte abo Air Force One, avyon prezidansyel la, 28 Oct. 2021.
Prezidan Jose Biden salye milite yo pandan premye dam Jill Biden di babay anvan yo monte abo Air Force One, avyon prezidansyel la, 28 Oct. 2021.

Prezidan Joe Biden pwomèt pou l montre le mond ke demokrasi kapab travay ansanm pou leve defi 21e syèk la. Nan moman lap pare pou'l fè mesaj sa a pase nan 2 rankont o somè global, Biden depann an pati de sakap fèt Washington, kote lap eseye finalize prese-prese yon gwo pwojè lwa politik enteryè.

Prezidan an, ki se yon Demokrat pral pran wout vil Ròm pou kòmanse, epi apre sa li pral Ekòs pou rankont sou kijan yo ka mete fen nan pandemi global la, ogmante kwasans ekonomik epi frennen akselerasyon chanjman klima a.

Sepandan, li taka vin pi difisil pou konvenk peyi yo pran angajman vizavi objektif Biden eksprime yo, si Ameriken yo yomenm derefize apiye objektif sa yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG