Accessibility links

Breaking News

Biden Rive Wòm Pou Rankontre Pap Francis


Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden ak chef rezidans Pap la Monseye Leonardo Sapienza nan Vatican an, 29 Oct. 2021.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden ak chef rezidans Pap la Monseye Leonardo Sapienza nan Vatican an, 29 Oct. 2021.

Prezidan Ameriken Joe Biden rive nan Vatican an pou yon odyans prive ak Pap Francis.

2 Katolik pi renome nan mond lan gen entansyon diskite sou pandemi COVID-19 la, chanjman klima, ak lamizè.

Biden ak madanm ni, Jill rive nan Vatican an nan yon kòtèj prezidansyèl ki te pi long pase sa yo konn genyen - swa 80 machin. Youn nan rezon ki fè sa, se restriksyon COVID-19 ki an plas ann Itali sou konbyen moun ki gen dwa chita ansanm nan yon machin.

Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden rive nan Vatican an pou yon rankont ak Pap Francis, 29 Oct. 2021.
Prezidan Joe Biden ak premye dam Jill Biden rive nan Vatican an pou yon rankont ak Pap Francis, 29 Oct. 2021.


Yon douzèn Gad Suis te akeyi kòtèj la lè li rive nan lakou San Damaso a, devan Palè Apostolik la.

Biden ap vizite Wòm pou asiste rankont o somè gwoup G20 an.

Itali deplwaye plis pase 5,300 twoup siplemante, lapolis epi li ralanti transpò piblik la pou sekirize Wòm pandan dewoulman rankont G20 an.

Prensipal zon sekirite a sitye ozalantou "Nuvola a" yon sant konvansyon ki sanble yon nuaj, ki sitye nan katye epòk Fachis EUR vil Wòm nan. Men gen lot zòn yo kòdone tou nan diferan peryòd jounen an, depandan kote lidè yo ye - pami yo palè prezidansyèl la e menm fontèn renome Trevi a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG