Accessibility links

Breaking News

Biden Chante Lwanj Ekonomi a, Lanse Apèl pou Inite Pandan Diskou sou Eta Inyon an


Prezidan Joe Biden pandan diskou sou Eta Inyon an devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini nan Washington, 7 Fevriye 2022.
Prezidan Joe Biden pandan diskou sou Eta Inyon an devan yon sesyon konjwen Kongre Etazini nan Washington, 7 Fevriye 2022.

Pandan yon diskou devan yon Kongrè divize - pou premye fwa depi li monte sou pouvwa a, Prezidan Joe Biden pwononse dezyèm diskou li sou Eta Inyon an Madi swa.

Biden chante lwanj to chomaj la ki ba anpil ak fen eta dijans akoz pandemi a. Li lanse apèl tou pou kolaborasyon ant Repibliken ak Demokat nan moman kote Repibliken yo kontwole Lachanm Depite yo.

Pandan dezyem diskou li sou eta Inyon an Madi, ki te 3em diskou li devan tou le 2 chanm Kongre a, Prezidan Joe Biden te pale de "inite".

" Lide Chanm nan, mwen pa vle gate repitasyon ou men mwen pral kontan travay ave w.

Biden chante lwanj pou ogmantasyon pwodiksyon endistriyel Ameriken an ak lwa ki envesti nan enèji renouvlab, endistri semi-kondiktè Ameriken an ak enfrastrikti ki ka fè konpetisyon ak Lachin.

Nou te konn nimewo 1 nan mond enfrastrikti a. Kounyea nou an 13èm plas. Etazini D Amerik 13èm nan domèn enfrastrikti a, enfrastrikti modèn. Men kounyea nap fè pwogrè gras ak lwa enfrastrikti bi-patizan an."

Sou kestyon lavichè a, Biden di se yon pwoblèm global ke pandemi COVID la ak Lagè Ikrèn nan koze. Li te konsantre pito sou to chomaj la ki ba anpil.

"Nou kreye 12 milyon nouvo djob ki se yon reko - nou kreye plis djob nan 2 zan pase kantite okenn lot prezidan Ameriken janm kreye nan 4 an."

Biden souliyen mezi administrasyon li pran pou efase det federal etidyan yo, ogmante kantite Ameriken ki gen asirans sante, mete an plas pwogram COVID-19 epi bese pri medikaman yo.

Men eske li ka konvenk Ameriken yo ke bagay yo ap amelyore? Repibliken yo detèmine pou bloke li. Sarah Huckabee Sanders, gouvènè eta Arkansas ak ansyen sekretè de près Lamezonblanch anba Prezidan Donald Trump, bay repons Repibliken a diskou Biden nan.

"Nan Amerik goch radikal la, Washington enpoze plis enpo epi mete dife nan lajan ou travay di pou fe a. Men pri gaz la ki tèt nèg kraze w, sipèmache yo pa gen machandiz, e nap aprann timoun nou yo pou yo rayi youn lot akoz ras yo olye yo renmen youn lot nan gran peyi nou an."

Kounyea ke Repibliken yo kontwole Lachanm Depite apre eleksyon Novanm yo, nouvo lidè a, Kevin McCarthy pwomet pou l rekomanse gade de pre tout sa administrasyon an ap fè. Ladann gen dokiman sekrè yo jwen kay Biden, plizyè milya dola asistans pou Ikrèn epi sa yo konsidere tankou repons fèb fas ak balon siveyans Lachin nan ke Etazini te desann sa pa gen lontan.

Malgre to chomaj la ba anpil konparivman ak pri li te ye nan mitan ane 2022 a ki bat tout reko yo, gen 40% Ameriken ki kwè Biden ap byen jere peyi a. 80% Demokrat yo ak 37% Endepandan yo epi sèlman 3% Repibliken yo apwouve fason Biden ap jere peyi a dapre yon sondaj Ipsos.

Diskou Eta Inyon Biden nan pa gen anpil chans pou chanje atitid sa a men kanmenm gen anpil chans pou l poze kandidati li pou yon lot manda an 2024.

Jennifer Mercieca se yon pwofesè retorik prezidansyèl nan Inivèsite Texas A&M

"Li pa di li pral postile, ni ke li pap postile men li esplike poukisa li ta dwe tante chans li, ki se sa li kwè peyi a bezwen fè. Li jwen anpil siksè jiskaprezan li akonpli anpil bagay, men gen anpil bagay li ta renmen fè nan lavni."

Nan yon jès solidarite vizavi Ikrèn, premyè dam Jill Biden envite anbasadè peyi sa a rejwenn ni pou koute diskou a. Epi paran Tyre Nichols, jèn nwa ke lapolis eta Tennessee te bat epi koze lanmo li kèk jou pi ta, te akonpaye l tou.

" Le polisye oubyen depatman vyole konfyans pep la, fok yo pran responsabilite. "

Apre plizyè fiziyad nan Kalifoni, Biden lanse apèl anko bay Kongrè a pou l entèdi zam fann fwa. Li ankouraje Repibliken yo prezante lwa pou refome sistèm imigrasyon an, prezante plan pou redui dèt la epi sèmante pou pwoteje dwa medam yo pou fè avotman.

"Koute byen, si Kongrè a adopte yon entèdiksyon nasyonal kont avotman, map poze veto m sou li - map bloke l."

Sepandan pa gen anpil chans pou 2 pati yo kolabore sou lwa nan yon gouvènman divize.

Nan kek mwa, Biden pral dozado ak Repibliken kap mande li redui dèt peyi a anvan yo antann yo pou ogmante limit dèt la pou anpeche peyi a fe fas ak yon kriz kote li paka peye dèt li.

XS
SM
MD
LG