Accessibility links

Breaking News

Biden Enspekte Dega Ouragan Ida Koze nan New Jerze, Nouyok


Prezidan Joe Biden pale ak sitwayen pandan lap vizite yon katye ke Ouragan Ida ravaje nan Manville, New Jerze, 7 Sept. 2021.
Prezidan Joe Biden pale ak sitwayen pandan lap vizite yon katye ke Ouragan Ida ravaje nan Manville, New Jerze, 7 Sept. 2021.

Prezidan Joe Biden deklare fok Etazuni pran mezi pou kontwole klima a jodi Madi a pandan yon vizit nan eta Nouyok ak New Jerze kote li t'al enspekte dega Ouragan Ida fe nan eta sa yo ki sitye nan nodest peyi Etazuni. Move tan an koze inodasyon ak tornad ki ravaje zon nan.

SUIV AN DIREK

Pandan yon rankont ak responsab sant durjans eta New Jerze a, Biden lanse avetisman pou di tout rejyon peyi Etazuni menase pa chanjman klima e yo ta dwe prete plis atansyon ak lwa sou enfrastruktu yo ki devan Kongre a kounyea.

"Nap viv kounyela a kisa peyi a pral konstate," Biden deklare pandan yon konvesasyon li te fe nan sant la. Gouvene eta New Jerze a, Phil Murphy ak Administrate FEMA - Ajans Federal pou Jere Ijans peyi a, Deanne Criswell te akonpaye'l.

"Nou kapab ralanti konsekans yo, nou ka anpeche bagay yo vinn pi mal," Biden deklare. Li ajoute: "Fok nou asire ke nou pa kite okenn kominote trennen."

Prezidan Joe Biden pale ak sitwayen nan yon katye kote lap enspekte dega Ouragan Ida koze nan Manville, New Jerze, 7 Sept. 2021.
Prezidan Joe Biden pale ak sitwayen nan yon katye kote lap enspekte dega Ouragan Ida koze nan Manville, New Jerze, 7 Sept. 2021.


Lendi, Biden te apwouve deklarasyon eta dijans pou kek zon Nouyok ak New Jerze ki te sibi pi move konsekans Ouragan Ida semenn pase a. Sa mete a la dispozisyon yo asistans finansye gouvenman nasyonal la.

Lajan sa a pral ede biznis ak senp sitwayen nan 6 awondisman eta New Jerze ak 5 awondisman eta Nouyok kote lapli te lakoz rivye yon gonfle e debode sou kay, wout ak magazen.

Gen omwens 50 moun ki mouri nan eta ki sitye sou kot es Etazuni. Omwens 12 moun pedi lavi yo nan eta Louizyann.

XS
SM
MD
LG