13 moun mouri e plis pase 50 lòt soti blese nan yon atak teworis ki rive jodi jedi 17 out la nan Barcelone. Lapolis fè konnen yo arete yon sispèk ki ta gen men li tranpe nan atak la. Dapre nouvèl yo, yon nonm te rantre yon minivenn sou yon foul moun sou twotwa yon restoran nan vil la.
Medya lokal yo te di tou gen 2 nèg ame ki ta barikade tèt yo anndan yon restoran. Sepandan, lapolis fè konnen pa gen sispèk pou kounye a nan restoran an. Otorite yo fè konnen yo konsidere atak sa a kòm yon zak teworis. Inite polis ki sou plas ensidan an nan vil BArcelone nan itilize megafòn pou di tout moun antre lakay yo.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, ki an vakans nan Bedminster, New Jersey deja reyaji sou kont Twitter li kote li ekri, "Etazini kanpe ak Lespay e yo pare pou ede yo nan sans sa a."