Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Pran Lapawòl devan Palman Ostralyen an


Barack Obama Pran Lapawòl devan Palman Ostralyen an ak premye minis peyi a Julia Gillar
Barack Obama Pran Lapawòl devan Palman Ostralyen an ak premye minis peyi a Julia Gillar

Pandan prezidan ameriken an, Barack Obama, ap vizite Ostrali, li fè yon diskou, jedi 17 novanm 2011 la, devan palman ostralyen an kote li fè konpliman pou fòs ak enpotans alyans ki egziste ant peyi sa a ak Lèzetazini.

Nan diskou sa a Misye Obama fè nan Canberra, kapital peyi a, li deklare yon nouvo akò sou kowoperasyon nan domèn militè a pral ede Washington jwe yon pi gwo wòl nan sekirite rejyon Azi-Pasifik la.

Prezidan Obama di :

“Pandan nap fè plan pou lavni, pandan nap prepare bidjè pou lavni, nou pral mete sou kote resous ki nesesè pou n kenbe prezans militè nou nan rejyon sa a. Nou pral konsève kapasite ke nou menm sèlman genyen pou n pwojte puisans epi anpeche zòt menase lapè. Nou pral kenbe angajman nou yo –pami yo genyen obligasyon ki makonnen ak trete nou siyen ak alye nou yo, alye tankou Ostrali.”

Nan je obsèvatè nan rejyon an, desizyon Lèzetazini ak Ostrali pran pou yo ranfòse yon alyans ki la depi 60 tan, se yon masaj klè 2 peyi yo voye bay Lachin nan moman sanble konfli kapab pete pou lizyè dlo teritoryal nan rejyon Lanmè Sid Lachin nan. Konseye sekirite La Mezon Blanch pou afè estratejik, Ben Rhodes, di li konsidere nouvo akò militè amerikano-ostralyen an kòm yon antant ki pafètman apwopriye e ki jwenn apui lòt peyi nan rejyon an.

Konseye Rhodes deklare:

“Genyen yon demand klè ki soti bò kote peyi nan rejyon an, e nap pote repons la ansanm avèk youn nan alye ki pi pwòch nou. Alòs, nou panse se non sèlman yon bagay ki apwopriye, men tou se yon pa enpotan nan efò nap fè pou n koresponn ak defi ki ka poze nan lavni nan rejyon Azi-Pasifik la.”

Aprè vizit Prezidan Obama nan Ostrali a, li prale patisipe nan somè Azi de Lès la nan vil Bali, nan Endonezi, kote li pral sèvi ak rezilta rankont li ak otorite ostralyen yo pou l abòde kesyon sekirite patisipan yo pral debat nan somè a.

XS
SM
MD
LG