Accessibility links

Breaking News

Etazini-Imigrasyon : Ayiti sou Lis Peyi Ki Sispann Benefisye de Viza H2-A ak H2-B


Ajan Depatman Sekirite Enteryè (DHS) ki poze arestasyon yon imigran ilegal.
Ajan Depatman Sekirite Enteryè (DHS) ki poze arestasyon yon imigran ilegal.

Daprè pòtpawòl Deptman Sekirite Enteryè Lèzetazini an (DHS) Kathie Waldman, ki pale avèk Lavwadlamerik, pandan ane fiskal 2016 la Lezetazini te fe sitwayen ayisyen jwenn 65 viza H-2A; e yon rapo depatman an te pibliye ane pase a, anviwon 40 pou san nan ayisyen ki pa gen kalte viza sa yo te deside rete pi lontan nan peyi a pase tan sèvis imigrasyon te ba yo a. Madanm Waldman di: "Nou resanse anpil ka fwòd ak abi pami ayisyen yo e nou baze sa nap di a sou rapò nou resevwa nan Depatman Deta.”

Se konsa, nan jounen mèkredi 17 janvye 2018 la, otorite yo nan Sèvis SItwayènte ak Imigrasoyn, ki se yon branch nan Depatman Sekirite Enteyè a, deside mete Ayiti sou yon lis peyi ki pap benefisye ankò de kalite viza sa yo (viza H-2A ak H-2B). An plis Ayiti, pami lòt peyi ki sou plis la nou jwenn Samora ak Beliz.

Avoka Soeurette Michel baze nan Miami, nan Eta Florid.
Avoka Soeurette Michel baze nan Miami, nan Eta Florid.

Avoka Soeurete Michel baze nan Mimai, nan Eta Forid.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:59 0:00

Malgre se yon ti kantite ayisyen dezisyon gouvènman ameriken an afekte, avokat Soeurette Michel, ki baze nan Miami, Eta Florid, di nou desizyon sa a ap genyen konsekans kanmèm.

Klike sou lyen anlè a pou w tande opinyon Madam Michel.

XS
SM
MD
LG